KÒMAN ENVESTI ENTELIJANMAN se yon gid senp, pratik ak enspirasyon pou tout moun ki vle pran kontwòl lavi finansye yo, bati richès, epi fè lajan travay pou yo.
Liv sa fèt espesyalman pou moun k’ap chèche konprann prensip fondamantal envestisman san konplike tèt yo, menm si yo poko janm envesti anvan.
Nan liv sa, w ap aprann:
Ki sa envestisman ye, ak kijan li diferan de depans
Kijan pou jere kòb ou avèk entèlijans
Enpòtans pou envesti nan tèt ou an premye
Estrateji pou envesti nan imobilye, biznis, ak finans
Ki jan pou bati yon portefeyou solid san pran gwo risk
Ki jan pou w sèvi ak lafwa, disiplin, ak vizyalizasyon pou reyalize libète finansye
Epi kijan pou envesti nan peyi w ak kominote w pou fè richès tounen yon benediksyon kolektif
Se pa yon liv teknik sèlman, men yon gwo leson lavi sou vizyon, pasyans, ak direksyon.
V. Maxime Marc melanje sajès espirityèl ak estrateji finansye modèn pou montre kijan chak moun kapab tounen pwòp envestisman li.